FLASH NAN PÒDPE : YON KAY PRAN DIFE NAN RI ANDRAL, GEN ENKYETID SOU POSIB VIKTIM

11/24/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dife pete nan yon kay ki chita nan Ri Andral, nan vil Pòdpe, jounen madi 24 novanm 2026 la. Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, ta sanble kay la te konn sèvi kòm yon espas kote moun t ap vann gaz. Sitiyasyon an lakòz anpil enkyetid nan mitan rezidan zòn nan, sitou akoz prezans yon pwodwi ki fasil pran dife tankou gaz.
Plizyè tantativ ap fèt pou rive etenn dife a, men entèvansyon ak dlo ki disponib sou plas la sanble pa sifi pou metrize gwo flanm dife yo. Presyon dife a rann operasyon pou kontwole sitiyasyon an pi difisil, pandan moun ki nan vwazinaj la ap fè fas ak yon gwo moman panik.
Selon menm sous enfòmasyon yo, gen moun ki ta viktim boule nan ensidan sa a. Sepandan, jiskaprezan, poko gen okenn bilan ofisyèl ki presize kantite moun ki blese oswa ki konfime si gen moun ki pèdi lavi yo. Popilasyon an rete nan gwo enkyetid pandan tout moun ap tann plis detay sou sikonstans dife a ak bilan definitif la.






