Pèp souvren fè djapòt sou beton an jodi madi 17 novanm 2026 la nan Pòtopwens nan kad pou bay mouvman sòlda salvadoryen yo jarèt nan konbat gang ak ensekirite nan anndan peyi Dayiti

100
0
Share:
TRiboLAND

Potopwens, Ayit_____(TRiboLAND) Manifestasyon sila ki te reyini plizyè santèn milyé moun tout plimay, te fè resèt ak djapòt nan pwouve rès monn lan ke yo prèt pou bay mouvman Sovèlele a jarèt nan tout nivo.

Manisfestan yo ki te genyen yon pakèt pankàt, pat kache endinyasyon yo fas ak Leta gang ou koupyon an, e temwanye soutyen yo bay peyi Salvadò, ki defye tout magouyè ki tap bay gang tete e itilize yo pou efondre e apovwi popilasyon ayisyèn nan. Yo denonse yon seri politichyen ki se otè entèlèktyèl mouvman gang lan anndan peyi a.

Konsa, yo t’ap egzije demisyon gouvènman Alix Didier Fils-Aimé ap dirije a, ki li menm t’a gwo chèf gang selon sa yon frè li ki rele Olmo Alix Fils-Aimé ta deklare nan peyi Salvadò.

Antouka, jan sa te prevwa; se yon manif ki plis ke reyisi. Pèp souvren te achte beton an lajan kontan nan diferan kwen anndan peyi Dayiti. Anpil zòn tankou: Jeremi, Pòdpè, e latriye te sou bennzing yo pou yo di “Viv Bukele” alyas “Sovèlele”; Bukele, peyi a se pou ou, kale mouda’w jan’w vle”. Toutfwa, randevou kase pou demen mèkredi 18 novanm 2026 la, dat istorik ki make Bataille de Vertières.

Share:

Leave a reply