Tigwav : Otorite yo nan lapolis ak lajistis mennen yon patwouy nan 4 kwen vil la pou mete konfyans lakay popilasyon an.

11- 17 – 2026
Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè polis Tigwav la, Herard Joseph nan tèt kole ak komisè gouvènman ai pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Danilo Valès, reyalize yon patwouy nan tout 4 kat kwen vil la, espesyalman nan dwann nan ak waf la nan lannwit dimanch 15 pou louvri maten lendi 16 novanm 2026 lan.
Selon otorite yo, patwouy sila te genyen pou objektif pou mete popilasyon Tigwavyèn nan an konfyans pa rapò ak vye nouvèl k’ap rive jwen yo kote yo deklare bandi kriminèl yo ap kouri kite kapital la pou vin kache nan Vil pwovens yo. Pandan otorite yo reyafime volonte yo di yo genyen, pou trake malveyan kriminèl yo k’ap vin simen latwoblay nan mitan kominote tigwavyèn nan, malgre fèb mwayen yo genyen.
Yon lòt kote, popilasyon an, sou bò pa yo, salye inityativ otorite nan lapolis ak lajistis pran pou akonpaye yo nan moman kote nouvèl k’ap rive jwen yo kòm kwa bandi kriminèl yo vle anvayi yo. Yo ankouraje otorite yo kontinye ak seri patwouy yo pou kenbe sitwayèn ak sitwayen yo nan lapè, yo pa tavle se yon aktivite konjonktirel .Yo mande otorite leta Ayisyen atravè direktè polis Nasyonal la (PNH) pou ranfòse komisarya nan vil pwovens yo ak fòs entèvansyon tout kalite ki genyen nan peyi a, yon fason pou derasinen tout bandi ame kriminèl yo sou bout tè papa Dessalin nan.






