Lapolis nan vil Okap entèpele plis pase 90 jèn gason ki te abò yon bato avwàl

116
0
Share:
TRiboLAND

11 – 12 – 2026

Okapayisyen, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapolis nan Vil Okap entèpele jounen mèkredi 11 novanm 2026 lan, ozanviwon 2 zè pm, plis pase 90 jèn gason ki t’ap soti Pòtopwens abò yon bato avwàl.

Enfòmasyon yo konfime ke gwoup jènn gason sila yo te aba gwo tonbe rakonte nan moman seyans entèwogasyon fòs lòd yo nan depatman Nò peyi a. Pou koulya, ansanm jèn gason sa yo twouve yo nan komisarya nan vil Okap pou swit nesesè ou legal yo.

N’ap siyale, lapolis poko konfime ofisyèlman èske se ta sitwayen onèt ki ta abò bato a, oubyen ou byen se ta prezime manm gang k’ap kouri kite kapital la pou tante rantre al kache nan vil pwovens yo akoz mouvman Sovèlele a k’ap bay gang yo afeksyon nan depatman Lwès peyi a.

TagsOkap
Share:

Leave a reply