NÒDWÈS/EDIKASYON : PANDAN ANSEYAN YO AN GRÈV, CHÈK TONBE, 14YÈM MWA AK TI KAT LA DISPONIB, PLIZYÈ LÈT NOMINASYON TOBE

58
0
Share:
TRiboLAND

11/10/2026

Nòdwès, Ayiti ____(TRiboLAND) Pandan mouvman grèv anseyan yo ap kontinye boulvèse sektè edikasyon an, gen plizyè desizyon administratif ak finansye ki parèt nan Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la. Selon enfòmasyon ki disponib yo, chèk anseyan yo tonbe, 14e mwa a ansanm ak ti kat la disponib, pandan plizyè dizèn lèt nominasyon anseyan ki te nan sal klas yo ta vini tou. Sitiyasyon sa a soulve anpil reyaksyon nan mitan aktè sektè edikasyon an ak popilasyon an.

Daprè responsab Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la, dispozisyon sa yo reprezante yon avansman nan efò k ap fèt pou amelyore kondisyon travay kolaboratè anseyan yo. Otorite yo konsidere mezi sa yo kòm yon etap nan direksyon amelyorasyon sitiyasyon pwofesyonèl ak administratif pèsonèl ansèyman an, nan yon moman kote tansyon ant anseyan yo ak responsab edikasyon yo rete yon gwo defi pou fonksyònman lekòl yo.

Bò kote pa yo, divès sitwayen nan popilasyon an lanse yon apèl bay anseyan yo pou yo aji ak plis konfyans epi evite kite timoun yo peye konsekans konfli ki genyen nan sektè a. Yo mande pwofesè yo pou yo retounen nan sal klas yo, yon fason pou elèv yo pa kontinye sibi konsekans mouvman grèv yo, sitou lè anseyan yo kontinye ap resevwa salè yo chak mwa. Nan mitan deba sa a, kesyon amelyorasyon kondisyon travay anseyan yo ak dwa timoun yo genyen pou jwenn edikasyon rete de gwo dosye ki merite atansyon.

Share:

Leave a reply