Chanjman nan nivo direksyon lopital Sentantwann Jeremi an.

11 – 07 – 2026
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sou enstriksyon minis sante piblik la, doktè Sinal Bertrand nome doktè Waly Turin kòm nouvo direktè ekzekitif lopital Sentantwann Jeremi a. Enstalasyon nouvo direktè a arive fèt yè aprè midi vandredi 06 novanm 2026 la, an pwezans diferan otorite sanitè.
Direktè tout nèf sa a ranplase nan pòs sila doktè Dady Montinord, yon kad pwofesyonèl sante pou anpil moun nan Jeremi ki genyen yon espètiz pou poze aksyon pozitiv nan tout sa lap administre.
San Lang debwa nouvo direktè ekzekitif lan pwomèt pou kontinye avanse nan chimen pwogrè pwedesesè li doktè Montinord trase ke li konsidere kòm yon bon wout kap mennn dwat dirèk nan direktiv ministè sante piblik ak popilasyon an.






