Yon chèf gang sangwen blese gravman grav apwè yon operasyon PNH avèk Tas Fòs la

181
0
Share:
TRiboLAND

TRiboland.com

Pwesyon yo pa sispann ap miltipliye bò kote fòs lòd yo nan peyi Dayiti, ki detèmine pou pote lakwa devan pòt bandi sangwen chak jou ki jou. Nan yon operasyon marasa, PNH la ak Tas Fòs la arive pote lakwa devan pòt yon gwo papa gang san manman ki pote non Mathias.

Atak la arive fèt nan lanwit jedi 5 novanm 2026 la, sou wout nasyonal nimewo 1 an ki mennen nan lokalite Monplezi. Konsa, fòs lòd yo ki te tann yon zatrap pou kriminèl la, te kanpe an chalkalis jiskaske Mathias te arive pran nan payas. Anpil boukantaj kout zam te chante ant fòs lòd yo avèk kriminèl sanginè a; rezistans lan pat pran twòp tan.

Enfòmasyon yo fè konnen ki Mathias blese gravman grav. Kidonk, si ou ta tande pi mal, konnen ke se lakwa ki fwape pòt kay Mathias, selon sa yon seri sous kredib anonse TRiboLAND.com.

Share:

Leave a reply