CNDL make 69 lane nan sèvis edikasyon vil Pòdpè: Yon patrimwàn ki make listwa ansèyman nan Nòdwès

181
0
Share:
TRiboLAND

11/04/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Collège Notre-Dame de Lourdes (CNDL), youn nan pi ansyen ak pi gwo referans nan domèn edikasyon nan vil Pòdpè, selebre 69 lane depi l ap sèvi nan ansèyman, jodi mèkredi 4 novanm 2026 la. Pou make okazyon espesyal sa a, yon mès aksyon de gras te selebre nan Legliz Katedral Pòdpè a, nan prezans plizyè ansyen elèv, paran , ansenyan, otorite, fidèl ak moun ki vin rann omaj ak enstitisyon an. Se anba direksyon Pè Monfòten yo CNDL te fonde, yon kongregasyon ki te kontribye anpil nan fòmasyon akademik ak moral plizyè jenerasyon jèn nan depatman Nòdwès la.

Aprè yon seri diskisyon ak tansyon ki te genyen nan moman Monseyè Polo t ap chèche reprann kontwòl kèk byen nan dyosèz la, sou baz prensip ki fè konnen byen sa yo se byen Legliz dyosezen an, CNDL vin pase anba responsablite Pè dyosezen yo. Chanjman sa a te make yon etap enpòtan nan istwa enstitisyon an. Sepandan, malgre repitasyon li kòm yon lekòl ki bay bon jan fòmasyon, gen anpil moun nan kominote a ki kontinye eksprime enkyetid yo sou fason lekòl la fonksyone, sitou akoz frè eskolè yo konsidere kòm twò wo parapò ak misyon sosyal ak edikatif enstitisyon an te genyen depi nan fondasyon li.

Pou ansyen ak nouvo elèv yo, Collège Notre-Dame de Lourdes rete yon patrimwàn edikatif ki gen anpil valè nan vil Pòdpè. Antanke premye kolèj ki te fonde nan vil la, CNDL kite yon mak espesyal nan memwa kolektif popilasyon an. Se youn nan rezon ki fè, pandan plizyè dizèn lane, lè yon moun pale de « Kolèj la» nan Pòdpè, se CNDL li refere an premye. Nan okazyon 69e anivèsè sa a, enstitisyon an pa sèlman ap selebre kantite ane li genyen, men tou yon istwa ki mare ak fòmasyon, konesans ak avni plizyè jenerasyon.

Share:

Leave a reply