Eleksyon 18 jiyè 2027 : Ansyen senatè Grandans Michel Clerier mande gouvènman an ak tout Konsèy Elektoral Pwovizwa kenbe pwomès yo

38
0
Share:
TRiboLAND

11- 04- 2026

Grandans- Ayiti (TriboLAND) Ansyen senatè Grandans lan, Michel Clerier ki se premye kandida pou pòs senatè anba banyè platfòm politik Debloke ki te depoze pyès nan biwo elektoral depatmantal Grandans lan pou kous elektoral yo, mande KEP la ak tout gouvènman Didier Fils- Aimé a kenbe pwomès mwa jiyè 2027 la.

Clerier ki swete wè van divèsyon avèk jwèt lago lago tisangle yo fini, mande enstans konsène yo pou yo respekte tèt yo, popilasyon an, e pandan yo ap respekte dat 18 jiyè 2027 lan pou òganize premye tou eleksyon yo nan Grandans.

Politisyen, òm dafè Clerier, nan deklarasyon li fè nan mikro TRiboLAND deklare eleksyon demokratik se yonn pami vwa nòmal pou planifye devlopman dirab. Li fasilite egalman solisyon yon ansanm pwoblèm debaz kap taye banda nan kotidyen pèp Ayisyen.

Kidonk, Clerier ki se egalman yon antreprenè konsome kap fè politik aktif, voye yon avètisman bay responsab ki chaje pou òganize eleksyon anndan peyi a, swete wè moratwà, dilatwà kap dekore ak pale mete la sou òganizasyon eleksyon yo fini.

Share:

Leave a reply