Depatman Latibonit : Yon sòlda etranje ta mouri anba bal gang ame yo nan komin Tirivè

11 – 02 – 2026
Tirivyè Latibonit, Ayiti____(TRiboLAND) Moun nan popilasyon komin Lestè ki twouve yo nan depatman Latibonit, leve jwen maten lendi 02 novanm 2026 lan, kadav yon sòlda etranje anba yon pil fatra ak labou.
Kèk sitwayen kap viv nan komin Lestè ta fè konnen, se dlo larivyè ki ta pote sòlda etranje a vin chwe nan komin Lestè. Yo deklare se ta yon sòlda FRG ki te vini nan misyon kont gang kriminèl ame yo nan peyi Dayiti. Konsa, yo rete kwè se ta bandi kriminèl sangwen nan Tirivyè ki ta egzekite sòlda a anba bal epi jete li nan kouran dlo larivyè a nan komin Lestè.
Kesyon anpil moun ap poze, èske fòs etranje a ap fini pa eradike gang yo, lè yo konsidere fason yo kòmanse ap simen dèy nan mitan kan sòlda etranje yo. Sepandan, sa pa anpeche divès popilasyon mete espwa yo sou Sovèlele (Nayib Bukele, pwezidan Salvadò) ki ta sanble detèmine pou ale jiskobou nan dechouke lejyon gang kap taye banda nan peyi Dayiti.
Nap raple, yon foto kap sikile sou rezo sosyàl yo ta montre sòlda a te genyen sou li yon inifòm konba kamouflaj e kò li te anfle e ap pare pou antre an dekonpozisyon. Aloske, responsab FRG yo ta sanble pa fè soti oken nòt sou idantite yon parèy solda ou demanti fòmèl sou yon evantyèl desè.






