Jodi 31 oktòb la, Pwezidan Faso a rann omaj mati yo e ranfòse detèminasyon li pou libere peyi a

183
0
Share:
TRiboLAND

10/31/2026

Wagadougou, Boukina Faso_____(TRiboLAND) Nan okazyon komemorasyon 31 oktòb la, yon jounen ki dedye pou komemore mati yo, Pwezidan Faso a, “Kamarad”, “IB” ou Kapitèn Ibrahim Traoré rann pitit Boukina Faso yo ki tonbe pou liberasyon, dinyite ak onè Boukina Faso yon gwo omaj.

Nan yon mesaj kanson fè, Chèf Deta boukinabè a, salye kouraj ak rezistans yon seri fanmiy ki te disparèt, ki te blese, e ki te fè gwo sakrifis pou nasyon boukinabèz la; pou li menm, se yon seri “Ero Vivan” ki kontinye ap viv avèk sikatris yon seri evenman sosyo-politik nan kriz sekiritè peyi a.

IB reyitere volonte Leta a, pou kontinye avèk batay pou liberasyon tèritwa nasyonal la e rann lib e libè peyi a anba grif enperyalis ak teworism. Pou Kamarad, genyen yon Boukina Faso ki konplètman lib, souveren ak endepandan, dwe inik omaj ki diyn ke mati yo te asèpte reyalize ak pwòp san yo.

Share:

Leave a reply