BONBADOPOLIS: De moto fè kolizyon nan kafou Fleksi, yon chofè blese grav

10/29/2026
Bonbadopolis, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon aksidan sikilasyon fèt maten jedi 29 oktòb 2026 la, nan Kafou Fleksi, nan komin Bonbadopolis, kote de moto fè kolizyon. Daprè enfòmasyon moun ki te sou plas la bay, kolizyon an te lakòz gwo laperèz nan mitan moun ki te nan zòn nan, sitou paske youn nan chofè ki te enplike nan aksidan an, yo idantifye sou non Sonson ensikoni, te fwape.
Selon temwen yo, aprè kolizyon an, yo te transpòte Sonson an ijans lopital pou li te kapab resevwa swen medikal ki nesesè yo. Aksidan an, ki te fèt pa twò lwen lokal Radio La Source, te mete anpil moun nan gwo chòk. Sepandan, pa gen plis detay ki disponib sou sikonstans egzak ki lakòz de moto yo fè kolizyon an, ni sou eta sante viktim nan aprè li fin rive lopital.
Pandan aksidan sikilasyon kontinye ap fè viktim sou wout yo, yon notab nan zòn nan pwofite lanse yon apèl bay chofè moto yo pou yo montre plis pridans nan sikilasyon an, sitou nan koub sa ki toujou bay kè sote. Daprè notab la, respè règ sikilasyon yo, vijilans ak kontwòl vitès se kèk nan mezi ki kapab ede diminye risk aksidan. Li ensiste sou nesesite pou chak chofè pran responsablite yo yon fason pou pwoteje lavi pa yo ansanm ak lavi pasaje yo.






