Aksidan sikilasyon pa sispann achte vil Jeremi lajan kontan

10 – 28 – 2026
Jeremi – Ayiti____(TRiboLAND) Pandan jou sa yo aksidan sikilasyon pa sispann ogmante nan vil Jeremi. Done yo montre ke, non sèlman DINEPA kraze yon latriye ri nan vil la, men tou endikasyon yo montre ke komin lan vinn genyen plis moun ki sóti nan Pòtopwens akòz pwoblèm ensekirite. Deplase sa yo deloje ak kamyon baskil e latriye kap vann ou transpòte sab, gravye, wòch elatriye. Yon seri aktivite komèsyàl ki vinn kreye anpil anbouteyaj.
Fas a ogmantasyon materyèl lou sa yo ak feblès sèvis enspeksyon sèvis sikilasyon polis nasyonal fas ak veyikil kap sikile lajounen tankou lanwit, kolònn aksidan yo pa sispann achte vil Jeremi lajan kontan.
Antouka, dènye aksidan andat, se yon kamyon baskil dis wou wouj, imatrikile plak TM 90990, fè aksidan nan ren mòn lopital Sentantwann Jeremi an ki okazyone kèk moun kite sou moto blese. Kèk manm popilasyon an estime se sèvis ki pa fèt nan kamyon an ki ta lakòz chaf lan kase ren mòn lan. Konsa plizyè sitwayen nan Jeremi, leve vwa yo pou egzije responsab sikilasyon PNH lan nan Jeremi pou pran responsablite li.






