GWO LAPLI PARALIZE NÒDWÈS: PLIZYÈ ZÒN INONDE, BATO KOULE EPI KAY SOU MÒN MENASE

139
0
Share:
TRiboLAND

10/26/2026

Nòdwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Gwo lapli k ap tonbe sou depatman Nòdwès la lakòz gwo boulvèsman nan aktivite chak jou yo, pandan plizyè zòn nan vil Pòdpè deja anba dlo. Aktivite lekòl yo pa fonksyone, sa ki mete lavi abityèl popilasyon an nan gwo difikilte. Daprè responsab Pwoteksyon Sivil la nan Nòdwès, jiskaprezan, yo poko idantifye okenn moun ki mouri nan konsekans move tan an. Sepandan, plizyè zòn nan vil Pòdpè, tankou Zakari ak Ri Twagras, Latandri, zòn Wonpwen, Labèl Plas, Site Makso ak Dè Letan gen plizyè kay ki pran dlo. Sitiyasyon an bay anpil enkyetid, sitou pou fanmi k ap viv sou mòn yo, kote gwo kantite dlo lapli a ap degrade tè a, nan yon kontèks kote debwazman fè zòn sa yo vin pi frajil devan risk glisman teren ak efondreman.

Pandan gwo lapli a ap kontinye fè dega, gen ensidan ki rapòte nan lòt lokalite nan depatman an. Sou waf Karenaj la, daprè enfòmasyon responsab Pwoteksyon Sivil la bay, de bato vwalye ki te vin pote chay frape youn ak lòt pandan yo sou waf la, anvan yo koule. Yon moun ki t ap eseye fè mannèv pou evite kolizyon an te oblije transpòte an ijans lopital. Nan komin Bonbadopolis, yon pye kokoye tonbe sou yon fil elektrik ki te konekte ak yon poto, sa ki lakòz poto a tonbe. Erezman, ensidan sa a pa fè okenn viktim, dapre enfòmasyon ki disponib yo. Malgre absans lanmò konfime jiskaprezan, divès ensidan sa yo montre danje gwo lapli a reprezante pou popilasyon an, enfrastrikti yo ak transpò maritim nan depatman an.

Pòdpè, ki se chèflye depatman Nòdwès la, rete anba gwo menas devan risk inondasyon yo, sitou akoz kanal drenaj ki pa netwaye, pil fatra ki anvayi espas piblik tankou Chan Avyasyon an, ansanm ak kantite moun k ap viv sou mòn nan kay ki pa respekte bon jan prensip konstriksyon. Sitiyasyon sa a relanse kesyon sou nesesite pou otorite lokal yo ak sèvis Pwoteksyon Sivil la pran mezi prevansyon pou limite dega yo epi pwoteje lavi popilasyon an. Pandan lapli a ap tonbe, li enpòtan pou moun k ap viv nan zòn ki gen risk yo rete vijilan, evite travèse kouran dlo ki fò epi respekte konsiy otorite konpetan yo. An menm tan, jesyon fatra, netwayaj kanal yo ak pwoteksyon anviwònman an rete pami pi gwo defi komin nan dwe adrese pou diminye konsekans inondasyon yo.

Share:

Leave a reply