Gro lapli kap tonbe depi plizyè jou atravè depatman Grandans, lakòz gro deboulonnay tè sou wout Jeremi-Kay lan.

10 – 25 – 2026
Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Lapli kap tonbe depi plizyè jou atravè diferan komin nan depatman Grandans lan okazyone anpil deboulonnay tè sou wout nasyonal nimero 7 lan, sitou nan zònn Fanm Padra – Ramp. Konsa, manm popilasyon an lanse yon apèl prese, prese bay responsab travo piblik Grandans lan, enjenyè Kesnel Parice yon fason pou fasilite lib sikilasyon moun ak pwodwi tankou gaz ak pwodwi agwikòl ki sòti nan diferan kwen Grandans lan. Sitwayen yo nan sans sa, reve wè amenajman ak lib aksè wout pou dekoule machandiz yo Pòtopwens-Grandans ou Grandans-Pòtopwens.
Manm popilasyon an kap viv sitiasyon difisil sa yo pandan peryòd lapli a, mande minis travo piblik transpò ak kominikasyon an, Almate Pierre Louis ak direktè depatmantal travo piblik Grandans lan enjenyè Parice pou degaje yo kou mèt Jan Jak mete yon brigad fisk sou wout Jeremi-Kay la.
Rezidan yo rete kwè, yon evatyèl entèvansyon rapid ap kapab debloke wout pou fasilite transpòtasyon malad ak fanm ansent pa pèdi lavi yo nan wout bloke.






