OKAP: YON MANMAN ARETE APRÈ LI TA FÒSE PITIT LI KI GEN 8 LANE MANJE MATYÈ FEKAL

204
0
Share:
TRiboLAND

10/23/2026

Okap, Ayiti ______(TRiboLAND)Lapolis arete Nöel Rose Asline nan zòn Lebon, ki twouve l anba Petitans, nan vil Okap, apre yon akizasyon grav kote li ta fòse pitit gason li ki gen 8 lane manje matyè fekal. Nouvèl sa a choke anpil moun, sitou aprè yon odyo ki te vin viral sou rezo sosyal yo, kote yo tande yon vwa yo prezante kòm vwa manman an k ap fòse timoun nan fè zak la. Aprè difizyon odyo sa a, plizyè moun te leve vwa yo pou mande otorite yo pran mezi ki nesesè pou pwoteje timoun nan epi bay dosye a swit legal li.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, se nan kad yon operasyon Brigad Pwoteksyon Minè (BPM) ak UDMO Nò te mennen yo te rive arete Nöel Rose Asline. Zak li ta akize dèske li komèt la ta fèt nan yon kontèks konfli ant li menm ak papa timoun nan. Selon menm enfòmasyon sa yo, manman an ta fache paske pitit gason an te bay yon lòt tibebe ki nan fanmi an bwè yon ti dlo nan bibwon li. Genyen tou enfòmasyon ki fè konnen li ta menase touye timoun nan ak kout kouto. Sepandan, se ankèt otorite yo ki pou pèmèt yo verifye akizasyon sa yo epi detèmine sa ki te pase toutbon.

Pou kounye a, Nöel Rose Asline trouve l nan gadavi komisarya Bèlè a, nan Kap Ayisyen, pandan ankèt la dwe kontinye pou klarifye sikonstans ensidan an ak responsablite moun ki enplike yo. Dosye sa a relanse deba sou pwoteksyon timoun kont vyolans ak move tretman, sitou nan anviwònman familyal. Pandan lajistis ap fè travay li, li enpòtan pou otorite yo garanti sekirite timoun nan, ba li sipò ki nesesè epi trete dosye a nan respè lalwa.

Share:

Leave a reply