JEREMI : YON GREFYE NAN TRIBINAL DE PÈ DISPARÈT, FANMI LI AP CHÈCHE LI AK GWO DEZOLASYON

214
0
Share:
TRiboLAND

10/23/2026

Jeremi, Ayiti _____(TRiboLAND) Kenel Joseph, yon grefye k ap travay nan Tribinal de Pè Jeremi an, disparèt depi madi 20 oktòb 2026 la. Depi jou sa a, li poko retounen lakay li, sa ki lakòz anpil enkyetid bò kote fanmiy l ak pwòch li yo. Disparisyon sa a pouse fanmi an lanse yon apèl bay popilasyon an pou ede yo jwenn tras Kenel Joseph.

Daprè enfòmasyon fanmiy an bay, plizyè demach deja fèt pou chèche grefye a nan diferan kote, men jiskaprezan, rechèch sa yo poko bay rezilta. Fanmiy lan presize Kenel Joseph abite nan enpas Leganè, yon zòn ki sitiye ant Karakoli ak Rochas, nan vil Jeremi. Pandan fanmiy an ap tann nenpòt nouvèl sou li, yo mande tout moun ki ta wè l oswa ki ta gen enfòmasyon ki kapab ede jwenn li pou yo pa ezite pote kole.

Pou nenpòt enfòmasyon sou kote Kenel Joseph ye, moun ki konsène yo kapab kontakte fanmi an nan nimewo telefòn sa yo: 56226974, 56954623 oswa 43499024. Fanmiy an ki konte sou solidarite ak kolaborasyon tout moun pou ede yo jwenn grefye a, pou konnya ap viv nan gwo dezolasyon.

Share:

Leave a reply