Rekonsilye lanse platfòm li nan Pòdpe, Garry Bodeau: « Pou Ayiti soti nan sa li ye a, fòk nou rekonsilye »

10/03/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Platfòm politik Rekonsilye fè lansman ofisyèl li, jodi samdi 03 oktòb 2026 la, nan vil Pòdpe, nan lokal Randevou a, devan plizyè dizèn militan, senpatizan ak fanatik. Aktivite a te sèvi kòm okazyon pou platfòm nan prezante prensipal kandida li yo nan depatman Nòdwès la, soti nan nivo Kazèk/Azèk rive nan Sena. Andalass Mertilus, ki pote slogan « Kite moun ki konn wout la mennen w », prezante kòm kandida platfòm nan pou depatman an, pandan Guyto Saurel, avèk slogan « Ansanm nou prale », se kandida pou Depitasyon nan sikonskripsyon Pòdpe a. Lòt kandida pou Depitasyon nan Bonbad/Bèdeyèn, Mòl ak Sen Lwi Dinò te prezante tou devan piblik la.
Pou eleksyon minisipal yo, plizyè kandida pou majistra nan diferan komin nan Nòdwès te prezante. Nan Pòdpe, se Ulrik Augustave, ansyen ajan egzekitif enterimè komin Pòdpe a, ki prezante kòm kandida Rekonsilye a. Nan divès entèvansyon yo, kandida yo mete aksan sou nesesite pou pote yon nouvo dinamik nan jesyon peyi a epi reponn ak gwo defi sosyal, ekonomik ak politik popilasyon an ap konfwonte. Yo montre yo gen konviksyon elektè yo pral ba yo konfyans depi nan premye tou eleksyon yo, pou yo kapab mete an aplikasyon chanjman yo pwomèt la.
Ansyen Prezidan Chanm Depite a, Garry Bodeau, ki se kandida Rekonsilye pou Prezidans Repiblik la, te pwofite lansman an pou li prezante vizyon li sou avni peyi a. Nan diskou li, li ensiste sou nesesite pou Ayisyen yo mete divizyon yo sou kote epi chèche yon fòmil rekonsilyasyon nasyonal pou pèmèt peyi a soti nan kriz li ladan l lan. Bodeau, ki te yon palmantè pwòch ansyen Prezidan Jovenel Moïse, te pwofite pasaj li nan Nòdwès pou vizite kèk chantye ki te inisye sou administrasyon ansyen prezidan an, pami yo santral elektrik Lasalin nan. Li di li gade ak anpil lapenn fason kèk nan pwojè sa yo rete san kontinwite. Pou li menm ak kandida Rekonsilye yo, moman an mande aksyon, kontinwite ak yon angajman kolektif pou rebati peyi a.






