2 jèn gason resevwa bal sou waf Tigwav la.

09 – 30 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) 2 jèn gason resevwa bal sou waf Tigwav la nan lannwit madi 29 pou louvri mèkredi 30 septanm 2026 lan; youn pami 2 jèn gason sa yo ki pran bal rele Tilari, li se yon travay regilye sou waf la.
Sitiyasyon sila rive daprè kèk temwen, se twòp moun ki moute yon bato ki ta pral Pòtopwens, sekirite yo nan bato a, estime twòp moun moute bato a; konsa, yo te egzije yon valè nan yo desan’n. Toutfwa, sa pat rive fèt, e se la ta pral genyen gwo dezòd ak deblozaj. Anpil kout bal chante sa lakoz 2 jèn gason ta pran bal, genyen nan yo ki resevwa katouch nan vant, nan jam ak nan men. Viktim yo te treanspòte annijans nan lopital jeneral Tigwav la; pou kounya a lavi yo pa andanje e y’ap resevwa swen ke ka yo nesesite.
Yon sitiyasyon kèk sitwayen nan Tigwav kritike, yo di Tigwav pa genyen otorite, direktè waf la pa fè djòb li nan rete kalewès. Anpil moun pa arive konprann, pou tout kantite katouch sa yo k’ ap tire sou waf la anba je lapolis, pa genyen anyen ki fèt pou evite deriv sa yo sou yon espas ki trè sansib? Yo esplike moun pase jan yo vle e lè yo pipito sou waf la san oken’n kontwòl.
Nap raple, fiziyad sou waf Tigwav la pa nouvo; sa pa genyen lontan depi te genyen yon jèn gason ki te mouri anba bal sou waf Tigwav la.






