Tigwav : Platfòm politik Solèy ap chofe jarèt pou patisipe nan eleksyon

74
0
Share:

09 – 29 – 2026

Tigwav , Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès lendi maten 28 septanm 2026 lan, nan otèl Dovik, nan zòn plas Abèy Tigwav, Platfòm politik Solèy prezante tèt li bay popilasyon tigwavyèn lan, kòm antite ki plis ke pare pou al patisiipe nan eleksyon nan tout nivo andan komin Tigwav.

Nan okazyon konferans lan, madam Viviane Delva ki t’ap pran lapawòl, prezante Platfòm politik Solèy kòm yon estrikti ki deja klere sou tout peyi a, espsyalman nan Tigwav. Li fè konnen ke platfòm lan enterese nan pwochèn eleksyon yo; sepandan, yo pa enterese ale nan enpòt eleksyon pike kole, krizokal ou bouyi vide.

Pou estrikti a, yo vle rete koeran e pwone yon ekleksyon onèt, lib ak demokratik kote chak gren’n ayisyen ki atravè 4 kwen peyi a, kapab al ranpli devwa sivik yo san bouch gonfle. Dirijan yo nan platfòm politik Solèy la rete kwè ke nenpòt jwisans demokratik genyen anpil pou wè avèk fason lapopilas chwazi moun ki pou dirije li.
Men kèk pami non pati politik ki fòme platfòm politik Solèy : RDNP, PATWON, KONSA, MANMAN, MAPLA, UPDADH AK REPA. Nap fè remake, madam Viviane Delva, pwofèse Yvener Desrosiers ki genyen yon metriz nan Gewografi, rektè inivèsite piblik nan rejyon gwavyèn nan, ansyen majistra eli pou komin Tigwav, Marck Roland Justal ak agwonòm Jean Claude Fidel, se kèk pami pèsonlite ki te sou tab konferans lan.

Share:

Leave a reply