Gazolin nan Ri 19 Okap, Mèri a anonse yon ankèt sou orijin likid la

122
0
Share:
TRiboLAND

09/23/2026

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè dekouvèt yon sibstans ki te sanble ak gazolin nan yon kanal ki nan Ri 19, Okap, pandan jounen lendi 21 septanm 2026 la, youn nan ajan egzekitif enterimè yo, Vreus Micardo, pote kèk klarifikasyon sou sitiyasyon an. Daprè majistra a, li pa posib pou jwenn gazolin nan eta natirèl li anba tè, paske gazolin se yon pwodwi rafine ki soti nan yon pwosesis endistriyèl. Li esplike, nan yon min, se pwodwi brit yo ka jwenn anvan tretman, pandan gazolin li menm se rezilta yon pwosesis rafinaj.

Majistra a mete devan de prensipal ipotèz pou esplike kijan likid la ta kapab rive nan kanal la. Premye a se posiblite pou yon rezèvwa oswa yon sitèn ta pete nan zòn nan, sa ki ta lakòz pwodwi a koule nan kanal la. Dezyèm ipotèz la se posiblite pou kèk moun ta jete gazolin nan kanal la, sitou nan kontèks pwoblèm ki genyen sou kalite gaz k ap sikile sou mache a. Daprè majistra a, gen moun ki ta ka chwazi elimine gaz yo pa vle itilize akoz enspeksyon Ministè Komès ap fè nan divès ponp.

Pou klarifye orijin likid la, majistra a anonse Meri a pral ouvri yon ankèt pou detèmine si se yon sitèn ki pete, yon lòt sous, oswa si pwodwi a te jete dirèkteman nan kanal la. Otorite minisipal yo mande popilasyon an rete kalm pandan verifikasyon yo ap fèt, pandan y ap chèche jwenn eleman teknik ki kapab pèmèt yo etabli vrè orijin sibstans yo dekouvri nan Ri 19 la.

Share:

Leave a reply