Atou fè bandi malfektè kriminèl nan premye seksyon Abriko pa kite zannimo peyizan yo anvi chak jou ki jou

A
09 – 02 – 2026
Abriko, Ayiti____(TRiboLAND) Selon temwayaj kèk peyizan nan Anzdiklè premye seksyon Komin Abriko, bandi atoufè, malfektè ou kriminèl tanmen pandan lannwit yon operasyon koukouwouj, ki koute lavi plis pase yon dizènn tèt bèf peyizan yo. Zago loray yo touye bèf malere yo, pwan yon pati deyè tèt bèf yo e ale kite rès kò.
Selon yonn nan abitan zòn nan ki se Jean Lenex Cenea, aksyon kriminèl sa yo ki fèt nan premye seksyon lokalite Ramomd- Lamòt – Biwon sanble kou degout dlo ak aksyon demonyak fanm ak gason ki anjandre nan pwatike zidòl ou sòsèlri.
Konsa, mesye Jean Lenex Cenea ankouraje peyizan yo, non sèlman pou fè kolònn, men pake zannimo yo nan andwa ki pi sekirize; anplis òganize yo nan mete sou pye brigad vyjilans kòm baliz pou chase kriminèl san manman yo.






