Trajedi nan Mawouj : Yon fanm ansent pèdi lavi li apre yon anbilans kole pyese tonbe anpàn

08/13/2026
Mawouj, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon nouvo trajedi mete yon lòt fwa ankò aksan sou difikilte moun ap rankontre nan sistèm swen sante a nan Nòdwès. Samantha, yon fanm ansent ki t ap tann premye pitit li, pèdi lavi li pandan li t ap transpòte nan yon anbilans kole pyese ki tap soti Mawouj pou vin lopital Pòdpè nan lannwit 13 dawout 2026 la.
Daprè enfòmasyon ki rapòte, anbilans lan ta kite Mawouj san yon kawotchou de rezèv. Pandan wout la, anbilans lan ta pran pàn kawotchou nan zòn Gwo Basen, toupre gwo lekòl la. Pàn nan ta pran plis pase de zèdtan pou yo rezoud, pandan Samantha, ki te nan yon eta gwosès avanse, te kouche anndan anbilans lan ap tann.
Daprè moun ki sou plas, pat gen oken pèsonèl sante pou plas pou asiste demwazèl la, ki vin mouri aprè yon ti tan. Divès moun kritike sistèm sante a, ak neglijans responsab anbilans yo ki te pran gwo risk fè wout long sa san kawotchou rezèv.
Se yon sitiyasyon ki soulve anpil kesyon. Kijan yon anbilans ki gen misyon pou sove lavi ka pran wout san kawotchou de rezèv? Kijan yon fanm ansent nan yonh sitiyasyon ki ka mande entèvansyon rapid ka transpòte san enfimyè pou akonpaye li? Epi, poukisa yon pàn kawotchou ta pran tout tan sa a pou rezoud pandan yon lavi te an danje?
Ka Samantha a mande verite, klarifikasyon ak yon ankèt serye. Sitou, li mande pou yo pran mezi pou yon lòt fanm ansent, yon lòt malad oswa yon lòt sitwayen pa pèdi lavi li akoz neglijans oswa mank preparasyon nan yon sèvis ki fèt pou sove lavi.






