SOS: Rezidan yo mande Mèri Pòdpè entèvni prese nan zòn Chalè a, nan antre premye riyèl Miryam

08/06/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè sitwayen ap lanse yon kri alèt bay responsab Mèri Pòdpè pou mande yon entèvansyon rapid nan zòn Chalè, espesyalman nan premye riyèl Miryam nan, kote yon kamyon ki materyo konstriksyon rete anpàn sou wout la depi plis pase kat (4) jou.
Daprè rezidan yo, prezans kamyon sa a sou wout la lakoz gwo difikilte pou sikilasyon machin ak motosiklèt. Sitiyasyon an deja lakòz plizyè aksidan prèske rive, epi yo pè pou yon trajedi pa rive si pa gen mezi ki pran san pèdi tan.
Moun nan katye a fè konnen yo pa vle tann yon moun pèdi lavi oswa blese grav anvan otorite yo reyaji. Se poutèt sa yo lanse yon apèl ijan bay Mèri Pòdpè pou voye sèvis ki konsène yo retire kamyon an oswa pran tout dispozisyon ki nesesè pou sekirize zòn nan.
Rezidan yo espere otorite minisipal yo ap aji rapidman pou elimine danje sa a, pwoteje lavi moun k ap sikile yo, epi evite yon aksidan ki ta ka gen gwo konsekans.






