Trajedi nan Senmak : Yo jwenn komedyen Samuel, “Ti Kamsou” ak yon lòt moun mouri nan yon machin

08/02/2026
Senmak, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo tristès anvayi vil Senmak jodi dimanch 2 dawout 2026 la, aprè yo fin dekouvri kò san vi komedyen Samuel, anpil moun te konnen sou non “Ti Kamsou”, ansanm ak yon lòt moun ki te avè l. Yo jwenn de kò yo nan zòn ki dèyè yon legliz, anndan vil Senmak nan machin lan.
Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, de moun yo ta kite lakay yo depi nan aprèmidi samdi premye dawout la epi yo pa t janm retounen. Lè yo dekouvri yo, moun ki te sou plas la fè konnen yo pa t remake okenn siy aksidan ni okenn mak vyolans sou kò viktim yo.
Plizyè moun ap fè ipotèz ke se ta yon degajman monoksid kabòn ki ta ka lakòz dram sila; sepandan, enfòmasyon sa a poko konfime. Se sèlman rezilta konsta otorite konpetan yo ak ankèt ofisyèl la ki pral pèmèt yo konnen vrè kòz lanmò Samuel, “Ti Kamsou” ak lòt moun ki te avè l.





