Grannkolin : Plizyè kavo pwofane nan 6yèm seksyon Grangwav, popilasyon an anba gwo kè sote

106
0
Share:
TRiboLAND

07/30/2026

Grangwav, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon seri zak pwofanasyon kavo ki rapòte nan Grannkolin, nan 6yèm seksyon kominal Grangwav, ap simaye laperèz ak gwo enkyetid nan mitan popilasyon an. Nan espas de (2) jou sèlman, omwen de kavo ta kraze nan lokalite diferan, sa ki fè anpil moun ap poze kesyon sou sa k ap pase nan zòn nan.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, nan lannwit 27 pou louvri 28 jiyè 2026, moun ki poko idantifye ta kraze kavo defen Anonce, ki te antere depi anviwon 18 mwa nan lokalite Boden. Daprè temwayaj yo, otè zak la oswa otè zak yo ta disparèt ak kò defen an ansanm ak sèkèy la. Dekouvèt sa a te mete fanmi an ak tout kominote a nan gwo chòk.

Yon lòt ensidan menm jan an rive nan lannwit 28 pou louvri 29 jiyè 2026, nan lokalite Tè Wouj, ki chita tou nan 6yèm seksyon Grangwav, pa twò lwen Boden. Lè moun yo leve nan maten, yo dekouvri kavo kote Madan Naviüs Devallons, ki te antere depi 14 lane, te kraze. Daprè enfòmasyon yo, moun ki komèt zak la ta ale ak tèt defen an, sa ki ogmante plis kòlè ak enkyetid nan mitan rezidan yo.

De zak sa yo soulve anpil kesyon sou rezon ki dèyè pwofanasyon sa yo. Jiskaprezan, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl sou idantite otè yo ni sou motivasyon yo. Popilasyon an ap mande otorite jidisyè ak lapolis pou mennen yon ankèt serye pou idantifye responsab yo epi pran mezi ki nesesè pou pwoteje simityè yo ak retabli konfyans nan kominote a.

Share:

Leave a reply