Direktè egzekitif VHDH la nan komin Tigwav fè konnen pa genyen oken’n kondisyon ki reyini pou reyalizasyon eleksyon andan peyi a.

175
0
Share:
TRiboLAND

07 – 29 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Konsèy elektoral pwovizwa a, anonse premye tou eleksyon an fikse pou 13 desanm 2026 kap vini la a; sepanda, selon direktè egzekitif kap defan’n dwa moun nan Tigwav (VHDH), mèt Romilus Jules, li fè konnen atravè yon interview li akòde bay laprès madi 28 jiyè 2026 lan, eleksyon pa genyen plas li nan mitan katchouboumbe ensekirite peyi a trouve’l jounen jodi a.

Militan dwa moun nan fè konnen oken’n kondisyon pa reyini pou reyalize eleksyon andan peyi a. Li deklare premye minis defakto Alix Didier Fils Aime konnen byen se woule l’ap woule pèp ayisyen an nan farin. Li konnen byen ke li pap kapab reyalize eleksyon yo san pouvwa lap dirije a pa eradike gang kriminèl yo li di kap fini ak sosyete a. Pou responsab VHDH la, se gang yo kap dirije, se gang kap di men kilè pou yon sitwayen soti, kilè pou li rantre, yo fè sa yo vle, lè yo pipito anba 2 nawè otorite yo.

Toutfwa, defansè dwa moun nan nan Tigwav, mèt Romilus Jules deklare li pou eleksyon reyalize andan peyi a, yon faso pou renouvle pèsonèl politik la, nan lide pou remete kanpe tout enstitisyon yo ki kraze plat atè epi dote peyi a yon prezidan lejitim pou dirije nasyon an. Pou sa fèt, fòk PM defakto a, netwaye peyi a de gwoup gang viv ansanm sa yo.

Share:

Leave a reply