Ministè Dèkilt sispann Pastè Benel Duroseau epi fèmen Legliz Dieu Tabernacle Apostolique nan Pòdpè

97
0
Share:
TRiboLAND

07/29/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Ministè Dèkilt nan Nòdwès pran yon desizyon administratif kont Pastè Benel Duroseau ak Legliz Dieu Tabernacle Apostolique, dapre yon dokiman ki pote dat 21 jiyè 2026. Desizyon an baze sou plizyè plent ak denonsyasyon ki, selon otorite yo, te rive devan Direksyon Depatmantal la, ansanm ak absans pastè a malgre plizyè konvokasyon ki te voye ba li.

Nan desizyon an, Ministè a fè konnen Pastè Benel Duroseau sispann, sou yon baz konsèvatwa, egzèse tout aktivite pastoral, ministeryèl, sasèdotal, administratif ak reprezantatif sou tout teritwa nasyonal la, jiskaske li prezante devan otorite konpetan yo pou reponn konvokasyon ki te deja adrese l. Anplis de sa, Ministè a anonse fèmti Legliz Dieu Tabernacle Apostolique jiskaske yon nouvo pastè ki rekonèt epi ki ranpli kondisyon legal ak moral yo deziyen pou dirije legliz la.

Dokiman an mande tou pou komite administratif legliz la soumèt dosye konplè nouvo responsab yo pwopoze a bay Direksyon Depatmantal Ministè Dè Kilt la pou verifikasyon administratif. Desizyon an te voye tou bay plizyè lòt enstitisyon, tankou Direksyon Jeneral Ministè Dèkilt, Pakè Pòdpè, Tribinal Premye Enstans Pòdpè ak Meri Pòdpè. Dapre atik final dokiman an, mezi sa yo antre an aplikasyon depi dat notifikasyon desizyon an.

Share:

Leave a reply