Jakmèl Dram : Justin Duffault touye ak kout kouto pwòp madanm li, Pascale nan zòn Ba Zoranje

116
0
Share:
TRiboLAND

07/28/2026

Ba Zoranje, Jakmèl, Ayiti____(TRiboLAND) Pascale Antoine, se non yon madam marye ki mouri anba men Justin Duffault, mari li ak plizyè kout kouto. Zak kriminèl sila pase nan zonn Ba Zoranje nan vil Jakmèl, apremidi lendi 27 dawou 2026 la.

Selon enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyàl yo, Justin pat pran tan pou te pibliye yon latriye mesaj sispèk sou kont Facebook li; pami yo genyen kèk nòt ki ta vle fè kwè ke Justin ta vle deside mete fen nan lavi li. Pandan tan sa, temwanyaj ki soti nan bouch vwazinaj ta fè konnen ke se tout tan Justin ak madanm li Pascale nan chire pit. Se toujou gwo deblozaj ou eskandal deran byen pwès sou katye a.

Nap sinyale, otorite Jakmèl yo pat pran tan pou dilijante yon ankèt sou siskonstans zak kriminèl sila, kote ke Justin ta yon pwezime koupab. Antouka, zak asasinay ki lye avèk konfli konjigal nan plizyè fanmiy nan rejyon an pa sispann miltipliye. Sa pa genyen lontan, yon sèten Carmelle ta ponyade boubout li, Alberne Bégin ki rann dènye souf li 17 jiyè 2026 pase a.

Yon lòt ka asasinay te arive komèt nan katye St-Cyr, kote ke yon mesye ki tap kouri dèyè madanm li ak yon manchèt; erezeman manmzèl kouri al kache lakay yon yon vwazinay, alòske mari a ki estime li fè yon kou rate, pat ezite rache ak manchèt yon inosan pasan ki pote non Joël Brice. Malerezman, malgre manèv ak trese lèl pou transpòte li lopital, viktim nan te gentan rann dènye souf li.

Antouka, nan mwens yon mwa, krim ou zak vyolans konjigal, pa sispann miltipliye nan kanton sila, yon rejyon ki nesesite anpil entèvansyon sosyo-sikolojik rapid, avan pita pi tris!

Share:

Leave a reply