Asiz Kriminèl nan Pòdpe : 9 Kondanasyon, 5 Liberasyon; Dwayen Tribinal la Lanse Yon Gwo Apèl Kont Kriminalite

47
0
Share:
TRiboLAND

07/22/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòdpe a, Mèt Ernest Keppler Desravines, prezante bilan diferan asiz ki fèt nan jiridiksyon an, an kolaborasyon ak Komisè Gouvènman an, Mèt Jeir Pierre. Daprè li, pandan ane jidisyè a, de (2) sesyon asiz san asistans jiri te deja òganize. Anplis de sa, yon sesyon asiz ak asistans jiri te dewoule soti 6 pou rive 20 jiyè, sa ki pèmèt plizyè dosye enpòtan jwenn jijman.

Nan kad dènye sesyon sa a, tribinal la te trete 14 dosye. Pami yo, senk (5) akize te jwenn liberasyon, tandiske nèf (9) lòt kondane pou diferan zak kriminèl. Santans yo varye ant 3, 9, 10 ak 12 lane prizon, selon gravite ofans yo. Dwayen Desravines salye sipò Ministè Jistis la, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ), ansanm ak tout aktè nan sistèm jidisyè Nòdwès la ak divès sitwaen ki te kontribye nan bon dewoulman asiz sa yo.

Pou fini, Dwayen Tribinal la lanse yon mesaj sansibilizasyon bay popilasyon an, sitou jèn yo, pou yo pa kite tèt yo antre oswa enplike nan zak kriminèl. Li fè konnen malgre difikilte peyi a ap travèse, lalwa kontinye egziste e lajistis ap fè travay li. Li voye yon apèl espesyal bay sitwayen Sen Lwi di Nò ak Jan Rabèl, de komin ki te plis reprezante nan dosye kriminèl yo pandan asiz yo, pou yo met dlo diven yo pou diminye vyolans ak retabli lapè nan kominote yo.

Share:

Leave a reply