Yon sesyon asiz kriminèl demare nan jiridiksyon Tigwav la.

93
0
Share:
TRiboLAND

07 – 21 – 2036

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Dwayen tribinal premye enstans sivil jiridiksyon Tigwav la, mèt Fritner Duclair nan tèt kole ak komisè gouvènman ai pakè a, mèt Danilo Vales, demare yon sesyon asiz kriminèl avèk asistans jiri yè lendi 20 jiyè 2026 lan. Aktivite jidisyè yo te demare nan 2 sal odyans tribinal la, nan sal # 1 ak # 2, selon atik 182 nan kòd enstriksyon kriminèl la.

Nan sans sa, genyen 10 dosye ki nan kondisyen pou resevwa jijman. Pou 2ème jounen madi 21 jiyè a 2026 lan, dwayen tribinal la ak ministè piblik tap tande dosye Santiac Esperence ki ta genyen akizasyon lanmò Makelly Aimé sou tèt li; yon zak ki te pase nan lannwit madi 20 oktòb 2020 , nan 3èm seksyon lokalite Mousanbe komin Grangwav.

Li enpòtan pou nou enfòme ou, pou demen mèkredi 22 jiyè 2026 lan, tribinal la ak ministè piblik ap genyen pou tande dosye Sonlove Deronette ke lajistis akize nan touye D’Alande.

Share:

Leave a reply