Otorite amerikèn yo refoule 111 migran ayisyen alòs òganizasyon dwa moun yo denonse kriz tout kalite kap bwase bil peyi Dayiti

07/17/2026
Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè konpatriyòt ayisyen ateri nan ayewopò entènasyonal Kap Ayisyen an jounen jedi 16 dawou 2026 lan, aprè ke peyi Etazini repouse yo nan kanpe lwen pa pwoche, daprè yon sous ki soti nan Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM). Enfòmasyon yo ta vle fè kwè, pami 111 migran ayisyen sila yo ki refoule sou sòl nasyonal la, genyen nan yo ki te pran nan angrenay ak lajistis amerikèn, selon sa ki soti nan bouch otorite Tonton Sam yo.
Operasyon refoulman migran ayisyen yo okazyone anpil bouch lonje ak reyaksyon lakay plizyè òganizasyon defans dwa migran yo. Yo denonse refoulman sa yo ke yo kalifye depaman ki pa pran an konsiderasyon volim kriz kap bwase bil peyi Dayiti a, patikilyèman kriz imanitè rasi kap taye banda.
Nan sans sa, òganizasyon kap defann dwa moun yo voye yon kout klewon nan zòrèy otorite amerikèn ki ta sanble inyore sitiyasyon ak malè pandje nan peyi Dayiti a nan kad aktivite voye tounen yo.
Responsab kap batay pouf è respekte dwa moun yo rapouswiv pou mande peyi Etazini yon bemòl nan sa ki genyen pou wè avèk evalyasyon sekirite nan peyi Dayiti, avan repriz aktivite voye tounen yo.






