Plizyè dizènn ajan sekirite elektoral manifeste nan Jeremi pou reklame frè transpò yo.

07 – 14 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè yon semèn fòmasyon ke Konsèy Elektoral Pwovizwa a te òganize pou ajan sekirite elektoral yo ki te soti nan katòz komin depatman Grandans lan; gorum moun sila yo declare yo pap asèpte mache sou tigri pou yon parèy travay.
Konsa, yo egzije manm KEP lan ranbouse yo frè transpò pou retounen lakay; konsa yon gwo mouvman pwotestasyon pat pran tan devan lokal sikisal bank nasyonal kredi a nan Jeremi.
Ajan sekirite elektoral sa yo ki se pèsonalite vakatè KEP la ki pa genyen kote pou domi ak manje nan vil Jeremi, fè konnen depi plizyè jou, yo oblije ap dòmi sou plas piblik komin Jeremi a ak anba lokal BNC a. Kidonk, yo declare bay lapwès ke yo pa kapab ankò e mande otorite konsène yo di yon mo pou yo, yon fason pou yo genyen yon mwayen pou transpò pou yo retounen lakay yo.
Antouka, KEP deja ap fè bèk atè nan vil Jeremi; anpil moun estime ke se foulay kap fèt; si transpòtasyon ke responsab pa kapab òganize, se pa eleksyon ke yo kapab mete anplas, daprè sa plizyè aprena ajan sekirite electoral ta fè konnen nan moman deblozaj anba galri BNC a nan vil Jeremi.






