Mòn Won leve vwa yo : Popilasyon an mande fini Lekòl Nasyonal Kabarè a anvan ouvèti ane akademik 2026-2027 la

95
0
Share:
TRiboLAND

07/11/2026

Kabarè, Ayiti ______(TRiboLAND) Konstriksyon Lekòl Nasyonal Kabarè nan Mòn Won depatman Nòdwès la, ki te demare pandan manda ansyen prezidan Jovenel Moïse, rete bloke depi aprè lanmò li. Malgre gwo avansman ki te deja fèt sou chantye a, travay yo pa janm rekòmanse, sa ki lakòz enfrastrikti a rete abandone. Jou ale, jou vini e lane pase, ti chovi yo kontinye ap pran moso pen lenstriksyon anba tonèl pay; e tout sa ap dewoule anba boul je otorite kriminèl san konsyans peyi a.

Jèn aprenan yo nan zòn Mòn Won, kontinye ap fè fas ak gwo difikilte pou jwenn yon espas apwopriye pou resevwa lòsyè edikasyon.
Daprè plizyè rezidan nan zòn nan, ni otorite local, ni otorite santral pa janm pran okenn mezi konkrè pou relanse pwojè a. Sitiyasyon sa a soulve anpil enkyetid nan mitan popilasyon an, ki kwè lekòl la ta kapab amelyore kondisyon aprantisaj anpil timoun epi modifye eskanp figi lojistik edikasyon an nan kominote a.

Fas ak reyalite sa a, popilasyon Mòn Won lanse yon SOS bay tout enstans ki konsène yo. Yo mande pou konstriksyon Lekòl Nasyonal Kabarè a rekòmanse san pèdi tan epi fini anvan ouvèti ane akademik 2026-2027 la; konsa, ti inosan yo ap kapab jwenn yon anviwònman ki pi asèptab nan pwosesis aprantisaj la; kidonk, yo pa kapab tann ankò.

Nap raple, lèzòm mechan anpil! Konpòtman malfektè sa yo, gaye atravè tout peyi a. Remak yo klèman montre, tout pwojè ke defen pwezidan Jovenel Moise tap eseye mete sou pye, dirijan sansal ou malfektè ki detèmine pou eradike popilasyon ayisyènn nan, elimine ou kite tout pwojè sa yo kraze ou sabote. Malgre anpil nan yo te pwèt pou inogire.

Ke nanm Jovenel repoze nan lapè etènèl e ke espwi li toumante e tounen yon pèlas chak jou ki jou nan lavi chak politisyen kriminèl ki te vle ou kontinye vle efase latriye zèv li yo!

Share:

Leave a reply