Lameri Tigwav pran yon arete kominal pou entèdi zannimo sikile nan vil Tigwav.

47
0
Share:
TRiboLAND

07 – 04 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Otorite yo nan Lameri Tigwav pran yo arete kominal ke yo pibliye yè vandredi 03 jiyè 2026 lan, nan objektif pou entèdi zannimo sikile nan vil ak sou wout Nasyonal # 2 a san konte aktivite carwash ak timache meli melo ki anvayi twotwa yo nan vil la.

Selon otorite yo nan administrasyon kominal la, seri mezi sa yo pran, se nan lide pou ranfòse sekirite popilasyon an, e anpeche sitwayèn ak sitwayen yo viktim aksidan sikilasyon nan vil la ak sou wout Nasyonal # 2 a.

Pwopriyetè zannimo yo genyen jouk ka 5 jou fran pou mete kòd nan tèt bèt yo, leve mache ak carwash ki sou twotwa yo, daprè majistra enterimè yo.
Toutfwa, otorite yo nan lameri ki deklare yon lwijanboje ki pa koube anba ansanm mezi sila yo, ap genyen gwo sanksyon ki pwevwa pran kont yo.

Share:

Leave a reply