Mèri Pòdepè pran desizyon kont carwash nan lari ak sou twotwa yo

07/02/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Administrasyon Meri Pòdpè a anonse yon nouvo mezi pou konbat pwoblèm carwash ki nan lari ak sou twotwa yo atravè vil la. Daprè yon kominike ofisyèl, otorite minisipal yo di yo pran desizyon sila nan kad jefò kap fèt pou amelyore kondisyon sikilasyon an, pwoteje sitwayen yo epi bay vil la yon pi bon aparans. Mèri a fè konnen li te konsilte plizyè gwoup nan sosyete a anvan li rive sou desizyon sa a.
Daprè responsab yo, prezans carwash yo nan lari yo lakòz anpil difikilte pou pyeton ak chofè yo, pandan li kontribye tou nan ogmantasyon risk aksidan ak ankonbre espas piblik yo. Otorite minisipal yo estime sitiyasyon sa a pa ka kontinye epi yo mande kolaborasyon tout popilasyon an pou ede retabli lòd ak pwòpte nan vil la.
Mèri Pòdepè a bay tout moun ki gen carwash nan lari ak sou twotwa yo jiska lendi 6 jiyè 2026 pou retire yo volontèman. Apre dat sa a, tout materyèl ki rete nan espas piblik yo ap sezi epi pwopriyetè yo ap oblije peye amann pou rekipere yo. Otorite yo lanse yon apèl bay tout sitwayen pou yo kolabore ak mezi sa a pou evite nenpòt dezagreman epi kontribye nan bay bourad pou chanje eskanp figi vil Pòdpè.






