Finiray PDG Radyo Ayiti Libere a Wesner Ismo Adam’s chante jodi a nan vil Tigwav

215
0
Share:
TRiboLAND

06 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Seremoni finiray PDG Radyo Ayiti Libere a, Wesner Ismo Adam’s chante jodi jedi 25 jen 2026 lan, nan legliz katolik Tigwav la, an prezans divès pèsonlite, fanmiy ak zanmi ki t’al ran’n defen an yon dènye omaj.

Nan okazyon an, se reveran pè Boniface Senat ki te selebre seremoni finèb la. Leader espirityèl la, nan kòmansman pwedikasyon an, li prezante senpati li bay fanmiy atriste a; li dekri defen Ismo Adam’s kòm yon moun ki te saj, ki te respekte tout moun.

Kire pawas la esplike, selon sa fanmiy lan rapòte li, defen an pat malad avan li te ale nan prizon an; konsa, se nan prizon sivil la li te tonbe malad. Antouka, pè Bo ta repwoche neglijans bò kote otorite yo nan nivo lajistis Tigwav, ki pat voye Adam’s lopital atan, se sa ki ta lakoz li pèdi lavi li.

Pè Boniface Senat deklare bay peyi a ak tout kominote a, ke Tigwav pran yon gwo kou. Wesner te youn nan moun ki te itil kominote li anpil; se yon moun ki te kon’n pale pou popilasyon an epi fè vwa yo rive toupatou nan mond lan.

Li enpòtan pou nou few konnen, anpil kout ròch ak kout boutèy e katouch t’ap tire, nan moman antèman an te rive devan pakè a, kote yo t’ap lanse gwo pawòl piman bouk kont otorite jidisyè sangwen yo. Yon sitiyasyon ki lakoz, jij yo, paketye yo, avoka yo, anplwaye yo ak jistisyab yo te oblije kouri kite espas tribinal la; konsa, se gras ak ajan fòs lòd yo ki ta pral mete sitiyasyon an anba kontwòl.

Share:

Leave a reply