Tout kondisyon reyini pou reyalizasyon egzamen 9èm ane fondamantal yo nan Tigwav.

65
0
Share:
TRiboLAND

06 – 24 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Anviwon 4,648 kandida pral sibi egzamen 9èm fondamantal nan vil Tigwav ak Grangwav, pou ane akdemik 2026 – 2027 lan. Selon responsab distri a, enspektè prensipal la, Jean Mario Gibbs nan kad yon interview li akòde bay laprès jounen lendi 23 jen 2026 lan, nan biwo li.

Enspektè prensipal distri eskòlè Tigwav ak Grangwav la, fè konnen egzamen yo ap demare soti lendi 29 jen pou rive 2 jiyè 2026 kap vin la a. Egzamen an ap dewoule nan 3 zòn : Tigwav , Grangwav ak Katye Vyalè e k’ap repati nan 15 sant. Nan premye jou a, kandida yo ap evalye nan kreyòl, edikasyon, fizik ak espòtiv (EPS). Daprè sa enspektè a deklare, ministè edikasyon Nasyonal rapòte pou ane sa a, pap genyen ka espesyal, yon fason pou pa frajilize pwosesis egzamen an.

Toutfwa, responsab distri eskòlè Tigwav ak Grangwav la, Jean Mario Gibbs ankouraje paran kandida yo pou fè yo rantre lakay yo aprè egzamen an, yo padwe rete nan lari pou lage kò yo nan tout sa ki pabon. Li deklare yo deja pran tout dispozisyon dekonsè ak lapolis pou arete epi kondwi nan komisarya a tout kandida yo ta sipran’n ki lage tèt yo nan debòch atè plat e aktivite Tisourit aprè evalyasyon an.

Share:

Leave a reply