Leyogàn : Yon gwoup moun nan sektè vodou a mande pou ministè kilti nome mesye Ganier Séjour kòm Anperè Vodou Ayisyen an.

06 – 23 – 2026
Leyogàn, Ayiti ____ (TRiboLAND) Yon gwoup moun nan komin Leyogàn ki fè pati sektè vodou a e ki ki vle rete anonima, mande pou ministè lakilti nome Ganier Séjour kòm Anperè Nasyonal Vodou Ayisyen an.
Selon gwoup moun sila yo, Séjour Ganier se yon lidè ki make batay pou rekonèt Vodou Ayisyen an tout kote atravè mond lan. Depi plis pase 40 lane, Séjour Ganier ap feraye e mennen yon batay san pran souf pou defan’n, pwoteje ak fè pwomosyon Vodou Ayisyen an kòm youn nan pigwo eritaj kiltirèl pèp ayisyen an, daprè vodouyizan yo. souvan vodou a viktim prejije, diskriminasyon ak move entèpretasyon. Ganier Séjour toujou rete kanpe pou fè tande vwa kominote nan sektè sa a epi raple tout moun enpòtans, tradisyon nan listwa ak idantite nasyonal.
Toutfwa, patizan Ganier yo deklare depi plizyè deseni pwomotè vodou a ap patisiipe nan anpil aktivite kiltirèl, sosyàl ak espirityèl ki te mete Vodou a nan plas li merite a. Daprè yo, mesye Ganier toujou ap travay pou fè jenerasyon an konpran’n valè eritaj zansèt Ginen yo kite pou pèp ayisyen an.
Gras ak esperyans li, konesans li ak kapasite li pou rasanble moun, sa fè Séjour Ganier genyen tout kalite, respè ak konpetans nesesè nan mond vodou ayisyen an, pou li devni yon Anperè Vodou Nasyonal e kalifye.






