Jij Sipleyan Lamy Youseline Enstale nan Tribinal de Pè Chansòlm la pou Ranfòse Sèvis Jistis la

06/20/2026
Chansòlm, Ayiti _____(TRiboLAND) Jij sipleyan Lamy Youseline antre ofisyèlman nan fonksyon li nan Tribinal de Pè Chansòlm la jounen vandredi 19 jen 2026, apre li fin prete sèman devan otorite konpetan yo. Seremoni enstalasyon an te dewoule nan yon anbyans solanèl, an prezans Jij titilè Mentor Stephen, Batonye lòd avoka Pòdepè a Mèt Edler Louima, Merès komin nan Judith Gelin, ansanm ak plizyè lòt pèsonalite administratif, edikatif ak sitwayen nan komin nan.
Nan premye diskou li kòm majistra, Jij Lamy Youseline fè konnen li angaje l pou rann jistis avèk entegrite, san patipri, pandan li pran lalwa kòm sèl gid nan desizyon li yo. Plizyè avoka ki te prezan te pwofite voye mesaj ankourajman ak konsèy bay nouvo jij la. Mèt Edler Louima mande l pou l toujou respekte prensip ak etik pwofesyon an, pandan Mèt Wedly Blanc te ensiste sou nesesite pou l rete enpasyal ak onèt. Mèt Hubert Étienne, pou pati pa l, raple enpòtans lajistis kòm youn nan pi gwo pilye demokrasi a.
Arive Jij sipleyan Lamy Youseline la reprezante yon souf nouvo pou Tribinal de Pè Chansòlm la, ki t ap fonksyone sèlman ak Jij Mentor Stephen depi depa Jij Andald Jean Baptiste apre pwomosyon li. Nouvo ranfòsman sa a pral pèmèt tribinal la amelyore kapasite li pou trete dosye yo epi ofri yon sèvis jistis ki pi efikas pou popilasyon Chansòlm la.






