Òganizasyon Tèt Kole nan komin Chansòlm ak SOKIJA anonse yon seri aktivite nan memwa Annecy Vixamar

82
0
Share:
TRiboLAND

05/05/2026

Pòdepè, Chansòlm, Ayiti_____(TRiboLAND) Soti 29 avril pou rive 06 me, se peryòd kamarad Annecy Vixamar te travèse. Li enpòtan pou nou sonje sa fè 8 lane depi li te kite nou ak tout bèl rève li yo.

Nan kad angajman Fowòm Annecy Vixamar vivan, SOKIJA/Tèt Kole Tipeyizan nan komin Chansòlm, te lanse nan lane 2025 lan, tout fanmiy, zanmi, kolaboratè, manm òganizasyon ak senpatizan, nou tout nou envite pou kontinye reflechi sou tout sa ki posib pou asire nou kenbe memwa militan angaje sa a vivan.

Nan sware 06 me 2026 la, nan lokal Sant Sosyo Kiltirèl la, devan legliz katolik Obè a, ap gen yon seri aktivite tankou : pwojeksyon yon premye pati nan dokimantè Annecy VIXAMAR vivan, istwa ak temwanyaj sou pasaj kamarad Annecy Vixamar pou sa li te vo nan sosyete a.

Youn pale lòt, vini nou fwote lide ansanm pou kontinye konstwi yon memwa sou lavi kamarad Annecy ViIXAMAR se yon devwa byen merite.

Share:

Leave a reply