Demisyon administratè nouvo katèl minisipalite vil Pòdpè a, se yon veritab chòk dezespwa pou site Kapwà Lamò

TRiboLAND.com
Se plis ke yon gwo chòk pou anpil moun, lè yo aprann ke nouvo Direktè Jeneral Administrasyon Minisipalite vil Pòdpè a, Mikelson Larose, voye tèt li an eta disponiblite nan moman li apenn genyen sèlman 65 jou nan pozisyon an.
Antan ke alatèt direksyon administrative meri site Kapwa Lamò a, Larose te deja ap travay 24/24 otomatikman ke li te antre nan yon parèy pòs ke li te jwenn konplètman moribon, sakaje e menm kokoratize avèk yon nivo administrasyon kwonik an boulatcha. Sa ki rele biwo ou pwosedi ak strikti pou kenbe espas la pwòp e byen òganize, te bay anpil men nan machwè ak repinyans. Anplis, nenpòt dokiman ki te genyen pou wè avèk tout sa ki genyen pou wè avèk rapò ou operasyonèl, yo tout pat egziste. Se te total anachi, wont pèsonifye avèk idyosi e enkonpetans ki tap vale teren depi plis pase 10 lane.
Fas ak yon parèy dezas administratif, DG Mikelson Larose, nan tèt kole avèk tout lòt konpozan katèl tou nèf la, te oblije ap travak lanwit kon lajounen, nan objektif pou dote minisipalite Pòdpè a, yon administrasyon ki enpekablemen enfòmatize. Yon seri travay nimerik (baz done, lojisyèl, aplikasyon mobil, aplikasyon koneksyonèl ki fasilite sèvis nan chak depatman nan administrasyon an travay ak telefòn, san konte òdinatè nan chak biwo ki pap pran tan pou leve eskanp figi administratif meri a).
Enòmite travay ke DG Larose te deja efektye nan meri Pòdpè a, te genyen egalman anpil pou wè avèk yon sit entènèt fonksyonèl e disponib yon fason pou popilasyon okouran tout aktivite meri a; anplis, mekanism sila, fasilite egalman yon rejis pou pwofesyonèl nan komin lan enskri tèt yo; konsa sa ap jenere yon repètwa pwofesyonalis ak tout dokiman ke meri a deliver bay antite sila yo.
Larose reyalize egalman yon fich Teknik yon pwojè byen founi pou resansman rezidans, ri ou wout ak solisyon pwoblèm adrès sou tout komin lan. Li mete disponib egalman, yon pwosedi dekèsman, ankèsman ak jesyon estratejik pou tout premye resèt yo nan transabilite ak transparans total. Li arrive resanse 720 antrepriz avèk foto epi lokalizasyon ki faktire pou fonksyonman total.
Angwo, kolosal travay DG Larose deja enplemante nan meri a pa piti. Se yon seri mekanism ki reyalize an sèlman 65 jou, kote ke direktè a te totalman mete sou kote travay ou biznis pèsonèl li (7 jou nan yon semen, soti 7è nan maten pou rive 5-6è nan apremidi, san konte lè pwolonje lakay). Larose estime ke li pa kapab kontinye ap eseye konvenk yon seri tandans ki ta sijere ke tout sa lap eseye mete anplas genyen pou wè avèk fè tèt li pase kòm yon moun kap fè pye sòl pou bay majistra Ralph Moreau yon so chat ou pakala. Li estime, ki li pa kapab kontinye ap bay tan li ak konpetans li avèk tout kè li, nan yon estrikti ki alagoni e ki nesesite kapasite teknik li kòm pitit vil Pòdpè.
Larose ale pi lwen pou li di, ke se prèske chak jou li trouve li nan obligasyon pou l’ap repete ke li pa genyen anyen pèsonèl ke pozisyon admin lan kapab pote pou li; li senpleman pote tèt li paske li kwè ke kontribisyon li kapab pote yon valè ajoute nan egzistans operasyonèl ou administratif meri a. Pa genyen anyen ki pèsonèl ak polemik; oubyen mannèv pou ta bay majistra antèt la pakala. Objektif inisyal la te fikse pou 180 jou pout e mete tout bagay nan lòd e leve estanda meri a nan nivo 2.0, ki pa tap genyen anyen pou anvye kont lòt meri kap byen fonksyone atravè lòt peyi a.
Atravè yon korespondans ekri, DG Mikelson Larose te soumèt majistra Ralph Moreau dezangajman li nan pòs administratè meri Pòdpè a; yon demisyon ki pat apwouve nan yon premye tan bò kote katèl la. Se konsa, semèn pase, li te ofisyèl ke mesye Larose te jwenn apwobasyon konsèy minisipal la, ki asèpte chwa ak desizyon DG a pou mete tèt li an eta disponiblite. Antouka, avèk anpil respè, DG te swete kòlèg li yo bònn chans e li pat manke remèsye katèl la pou opòtinite ke yo te ba li pou mete eksperyans ak konpetans li disponib pou byennèt komin Pòdpe a.
Antouka, anpil pwen entèwogasyon pa sispann pwente sou yon parèy desizyon ki se yon tsunami administrative ki soulve anpil nyàj ak dezakò ki ta deja egziste nan estrikti minisipal vil Pòdpè a, nan yon moman tout je ap konvèje sou yon nouvo katèl ki te pote ti moso espwà aprè plis pase 10 lane kòripsyon, anachi administrative, abi otorite ak malmakak enkonpetans sou rèyn rasi Josué Alusma a.
Mikelson Larose fè etid inivèsitè li nan Limonad, li se yon kad esepsyonèl ki dote de yon oseyan konesans nan enfòmatik ak jesyon administrativ. Li se egalman yon antreprenè ou yon biznis ekspè ki deja kite anpwent konesans li nan nivo lokal, nasyonal ak entènasyonal. Yon kad, ki fè fyète Nòdwès peyi Dayiti.






