Tigwav mobilizasyon : CCJ anonse 3 jounen mobilizasyon pou egzije jistis pou fanmi PDG Radyo Ayiti Libere a

06 – 09 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Collectif contre Crime judiciare (CCJ), nan yon konferans pou laprès li bay jounen lendi 08 jen 2026 lan, anonse 3 jounen mobilizasyon soti demen madi 09 pou rive jedi 11 jen 2026 kap vini la a.
Selon òganizatè yo, objektif mouvman sa a, se pou egzije jistis ak reparasyon pou fanmi PDG Radyo Ayiti Libere a, Wesner Ismo Adam’s ki te jwen arestasyon li akoz li te rale zam sou yon sèten Gary.
Collectif la, kontinye akize sèten otorite nan lajistis Tigwav yo di ki ta patisipe nan lanmò Wesner Ismo Adam’s. Yo mande lajistis nan Tigwav pou mennen bon jan ankèt grese sere pou rive detèmine vrè prensipal koz lanmò defen an. Yo mete egalman anfaz sou yon evantyèl reparasyon pou fanmiy lan, epi yo mande pou fè otopsi kadav la.
Nap raple, PDG Radyo Ayiti Libere a Wesner Ismo Adam’s, te jwen arestasyon li nan dat 28 janvye 2026 lan, li mouri aprè 4 mwa nan dat 20 me pase a nan vil Tigwav.






