Latandri nan detrès : yon wout ki tounen kalvè pou rezidan yo

78
0
Share:
TRiboLAND

06/08/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Rezidan Latandri yo leve vwa yo pou lanse yon SOS bay otorite lokal yo fas ak sitiyasyon deplorab zòn nan ap konnen depi plizyè ane. Wout ki te konn sèvi kòm yon aks enpòtan pou sikilasyon moun ak machin yo tounen yon veritab enkyetid pou popilasyon an. Jounen jodi a, anpil moun evite pase nan ri sila akoz move kondisyon li. Dlo santi, labou ak salte anvayi espas la pandan tout ane a; ke gen lapli ke pa gen lapli, lavi rezidan yo vin pi difisil chak jou.

Nan plizyè pwen sou wout la, gwo twou ki ranpli ak dlo reprezante yon menas pou pyeton ak chofè yo. Sitiyasyon sa a gen gwo konsekans sou lavi ekonomik ak sosyal zòn nan. Anpil pwopriyetè kay ou lokatè ap kite katye a, tandiske sèvis transpò piblik yo vin prèske pa egziste ankò. Daprè temwayaj plizyè rezidan, chofè taksi ak motosiklèt souvan refize antre nan Latandri, oswa yo mande kliyan yo peye plis pou konpanse risk ak difikilte yo rankontre sou wout la.

Malgre plizyè efò kominotè pou amelyore sitiyasyon an, inisyativ sa yo pa rive bay rezilta dirab paske pwoblèm nan depase kapasite rezidan yo. Wout Latandri a se yon pasaj estratejik ki mennen nan Mòn Betèl, yon zòn ki gen anpil moun k ap viv ladan l, ansanm ak lòt lokalite enpòtan nan vil la. Se poutèt sa, popilasyon an ap mande otorite konsène yo pou pran mezi rapid ak konkrè pou reyabilite wout la epi mete fen ak kondisyon malouk ki ap fè rezidan yo soufri depi twò lontan.

Share:

Leave a reply