MSPP demare yon kanpay operasyon chirijikal gratis nan lopital Saint Therèse nan komin Miragwan.

72
0
Share:
TRiboLAND

06 – 07 – 2026

Miragwan, Ayiti___ (TRiboLAND) Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) nan komin Miragwan, depatman Nip peyi a, demare samdi 06 jen 2026 lan, yon kanpay operasyon chirijikal gratis.

Selon doktè Sinal Bertrand, inityativ sa a, vize pote sèvis chirijikal la pi prè popilasyon an gratis. Yo te espere opere plizyè dizèn moun nan kad kanpay operasyon chirijikal gratis sila tankou : èni, fibwòm, kis nan ovè, operasyon sezaryèn ak plizyè lòt patoloji.

Nap fè konnen, kanpay medikal sila a jwen sipò ekip medikal espesyalis ki soti nan nivo santral ak ansanm brigad medikal peyi Kiba pou asirans yon bon kalite swen sante.

Share:

Leave a reply