Tigwav aksidan sikilasyon : Yon kamyon kraze yon poto elektrik ansanm ak 2 transfòmatè.

06 – 07 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Yon kamyon kraze yon poto elektrik ansanm ak 2 transfòmatè maten dimanch 07 jen 2026 lan, dèyè legliz katolik la nan vil Tigwav.
Aksidan sa rive pwodwi nan moman kamyon t’ap vire pou li pran direksyon wàf la; wout la tèlman kwense, chofè a fè yon vye kout volan epi voye kamyon an al kraze nan yon poto elektrik ak 2 transfòmatè.
Kèk sitwayen ki te sou plas, pa mete dlo nan bouch yo, pou denonse otorite konsène yo, ke yo estime ki pa jere domèn sikilasyon nan rantre ak sòti gwo kamyon komèsan k’ap fini avèk tirès enfwastrikti woutyè vil Tigwav la. Pou kounye a, kamyon an sou kontwòl otorite lapolis ak lajistis pou swit legal, evalyasyon dega yo ak fikse responsablite chofè a ak domaj enterè.
Nap siyale, se chak jou ki jou gwo kamyon trailer ap enplike nan aksidan nan vil Tigwav; kraze poto elektrik ak PVC ki mennen dlo lakay abòne yo epi kraze enfrastrikti twonson wout nan vil la. Akote chato pwopblèm sila yo, kamyon sa yo reprezante egalman yon danje pou paran k’ap mennen ou chèche pitit yo lekòl.






