Fineray Vilfranche Maginaire chante jounen 6 jen 2026 lan nan vil Jeremi.

91
0
Share:
TRiboLAND

06 – 06 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jounen samedi 6 jen 2026 lan, fanmi, zanmi, patizan, ak senpatizan Vilfranche Maginaire rann defen an yon dènye omaj. Seremoni pran kouraj ami an, te dewoule nan legliz Betani nan vil Jeremi, zònn Avni Bwawon Tonè; se reveran pastè Jean Max ki te prezide seremoni finèb la ki te mete aksan sou bon konpòtman Vilfranche Maginaire, antanke fidèl legliz pwotestan.

Aprè seremoni finèb la, konvwa ki te genyen tout kalite kouch moun, te pwan direksyon Anzdiklè, premye seksyon kominal Abriko lokalite Rat Chapo pou pwosesis mizantè a. Selon volonte defen an, kadav la te transpòte nan demanbre, kote ke papa’l Franck Maginaire ak aryè gran paran li te antere.

Fineray Vilfranche Maginaire jounen 6 jen 2026 la, pat kite yon bon majorite moun nan popilasyon an endiferan. Anpil sitwayèn ak sitwayen nan vil Jeremi te oblije kite aktivite yo, pou mete yo byen ba devan depoy kadav defen an. Yo estime, ke se yon omaj byen merite bay yon parèy potorik gason ki make pasaj li sou tè a pandan swasant sèz lane.

Pou pwoch Vilfranche yo, se te yon pwototip trè respektye, yon model byen discipline. Anpil moun rete kwè ke zèv Vilfranche Maginaire yo dwe rete grave nan memwa kolektif la, sitou lakay sa yo ki tap viv nan antouraj li.

Share:

Leave a reply