Chanjman nan Administrasyon Piblik Nòdwès la : Romny Pierre Enstale kòm Vis Delege, Calixte Bénédict Retounen nan Zafè Sosyal

06/03/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Pòdpè ap viv yon nouvo mouvman nan administrasyon piblik la apre enstalasyon Romny Pierre kòm nouvo Vis Delege Awondisman Pòdpè a. Li ranplase Marc Preslet Prédelus, ki te pase anviwon yon lane nan pòs sa a. Seremoni enstalasyon an make yon nouvo etap nan jesyon afè leta nan rejyon an, pandan otorite yo ap chèche ranfòse sèvis piblik yo ak kowòdinasyon enstitisyonèl yo.
Kèk tan apre li fin pran fonksyon li, nouvo Vis Delege a deja poze premye aksyon administratif li yo. Li enstale Calixte Bénédict kòm Direktè Depatmantal Ministè Afè Sosyal ak Travay nan Nòdwès la. Retou Calixte Bénédict nan tèt direksyon sa a pa pase inapèsi, paske li te deja dirije enstitisyon an pandan sèt ane, kote li te akimile yon gwo eksperyans nan jesyon dosye sosyal ak kesyon travay nan depatman an.
Aprè li te kite peyi a pou pase yon kantite tan Ozetazini, se Anderson Mertilus ki te ranplase l nan direksyon depatmantal la. Dezan apre chanjman sa a, Calixte Bénédict retounen okipe menm pòs la, yon desizyon ki soulve anpil kòmantè nan mitan obsèvatè yo. Pou anpil moun, retou li a kapab pèmèt direksyon an benefisye eksperyans li ak konesans li genyen sou reyalite sosyal depatman Nòdwès la, pandan nouvo ekip administratif la ap chèche bay plis dinamis nan sèvis piblik yo.






