Dezakò ant Primati ak KEP sou pwojè Dekrè Elektoral 2026 la

207
0
Share:
TRiboLAND

06/03/2026

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dezakò parèt ant Primati a ak Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la apre yon rankont enfòmasyon ki fèt jodi madi 2 jen 2026 lan, ant de enstitisyon yo. Daprè yon nòt pou laprès KEP a pibliye, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé enfòme konseye elektoral yo sou desizyon gouvènman an pou adopte epi pibliye yon Dekrè Elektoral. Rankont sa a te fèt nan lide pou prezante dokiman an bay manm KEP yo.

Sepandan, KEP a fè konnen dokiman Primati prezante a diferan nèt ak pwojè Dekrè Elektoral li te deja soumèt bay Egzekitif la depi 24 avril 2026. Enstitisyon elektoral la estime demach sa a vyole prensip endepandans li epi li soulve kesyon sou konstitisyonalite desizyon Primati a. KEP a raple ke inisyativ pou prepare yon pwojè Dekrè Elektoral se yon atribisyon eksklizif ki fè pati manda li.

An konsekans, manm KEP yo eksprime dezakò yo ak Premye Minis la sou aplikasyon yon tèks yo konsidere ki pa respekte egzijans konstitisyonèl yo. Malgre tansyon sa a, KEP a reyafime angajman li pou garanti lejitimite pwosesis elektoral la, mennen eleksyon yo nan yon kad enklizif ak enpasyal, epi respekte prensip endepandans, transparans ak responsablite demokratik nan enterè siperyè nasyon an.

Share:

Leave a reply