Vizyon Ayisyèn nan Tigwav mande yon ankèt sou sikonstans lanmò PDG (RHL) Wesner Ismo Adam’s

38
0
Share:
TRiboLAND

05 – 31 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Direktè egzekitif Vizyon Ayisyèn kap defan’n dwa moun nan Tigwav (VHDH), mèt Jules Romilus nan yon entèvansyon li fè nan mikwo laprès jounen jedi 29 me 2026 lan, mande direksyon santral polis jidisyè (CSPJ) pou vin mennen yon ankèt pou rive detèmine koz prensipal lanmo trajik PDG Radyo Ayiti Libere a, Wesner Ismo Adam’s nan lopital jeneral Nòtredam Tigwav la.

Militan dwa moun nan, deklare se sèlman DCPJ ki kapab louvri yon ankèt pou rive fè verite blayi sou prensipal koz lanmò trajik Wesner Ismo Adam’s. Fas ak enfòmasyon kap sikile sou radyo tradisyonèl ak rezo sosyo yo, swa bò kote fanmiy, zanmi, jounalis yo, patizan ak senpatizan kap opine nan fason pa yo.

Antouka, rimè ki an sikilasyon yo, ta lonje dwàt jouda sou yon seri otorite jidisyè ke yo ta akize ki genyen men yo tranpe nan lanmò PDG a; kòm kwa se ta pwazon yo bali na prizon sivil jiridiksyon Tigwav epi voye’l al mouri nan enstitisyon sante a nan Tigwav.

Nap raple, PDG Radyo Ayiti Libere a Wesner Ismo Adam’s te jwen arestasyon li nan dat 28 janvye 2026 pase a. Nan kad yon konfli tèryen kote yo ta akize li kòm kwa li ta menase moun ak zam li.

Share:

Leave a reply